Règleman sou aksè
Nan Biwo Avoka Jeneral Eta Nouyòk la (OAG), nou ankouraje Nouyòkè yo pou yo patisipe nan sèvis, pwogram ak aktivite nou yo. Si ou gen yon andikap ki fè li difisil pou ou patisipe nan yon evènman OAG, nou ka ba ou èd.
Politik anti-diskriminasyon. Nou pa fè diskriminasyon kont pèsonn poutèt andikap. Règleman antidiskriminasyon nou an, ki konfòm ak lwa eta ak federal yo, tankou Lwa Ameriken sou Andikap an 1990 (ADA). Règleman sa a aplike pou tout sèvis, pwogram ak aktivite OAG yo.
Zouti pou kominikasyon efikas. Si andikap ou a fè li difisil pou ou patisipe nan yon evènman OAG, anjeneral, n ap ba ou èd ak sèvis apwopriye pou yon kominikasyon efikas, lè ou mande sa. Nou ofri èd ak sèvis sa yo pou asire ou gen opòtinite pou patisipe nan pwogram nou yo, tankou entèprèt Lang Siy Ameriken ki kalifye, dokiman an Bray, ak lòt èd.
Modifikasyon nan règleman ak pwosedi yo. Nou fè modifikasyon rezonab nan règleman ak pwogram nou yo pou asire ke ou menm, antanke yon moun ki andikape, gen menm opòtinite pou jwi tout pwogram, sèvis ak aktivite OAG yo.
Pa gen frè pou aranjman rezonab. Nou p ap fè w peye, antanke yon moun oswa yon gwoup ki andikape, pou èd, sèvis oswa modifikasyon rezonab nan règleman yo.
Aksè kontni entènèt. OAG angaje pou asire ke sit entènèt OAG a aksesib pou tout Nouyòkè, epi nou swiv estanda aksè entènasyonal yo nan limit ki posib. Pou mande yon lòt fòma pou kontni ki disponib sou sitwèb OAG a, tanpri voye yon imèl bay ADA.Administrator@ag.ny.gov.
Nou ka bay akomodasyon ki kouvri anba tit II ADA a, tankou plas rezève ak sipò adisyonèl pou moun ki gen pwoblèm lapawòl, tande oswa vizyon.
Mande yon aranjman pou yon evènman OAG
Si ou bezwen yon èd kominikasyon oswa yon chanjman nan règleman oswa pwosedi pou patisipe nan yon evènman OAG, tanpri fè demann ou omwen yon semèn anvan evènman an.
Limitasyon
ADA a pa egzije nou pran okenn aksyon ki ta chanje fondamantalman nati pwogram oswa sèvis nou yo, oubyen ki ta gen yon pri finansye oswa administratif ki pa rezonab. Si ou vle pote plent ke yon pwogram, yon sèvis, oswa yon aktivite OAG pa aksesib pou moun ki andikape, oswa si ou vle depoze yon plent ke yo te refize ba ou yon sèvis oswa yon aranjman ou te mande enjisteman, kontakte administratè ADA a nan ADA.Administrator@ag.ny.gov oswa 1-212-416-8311.