Odyans piblik sou fèmti Burdett Birth Center pwopoze a

Pwokirè Jeneral James te fè yon odyans piblik nan dat 18 septanm 2023, sou pwopozisyon fèmti Burdett Birth Center la. Li te mande kòmantè ekri nan men kominote enterè yo, tankou piblik la, anplwaye Burdett, pasyan yo, ak vwazen yo.

Peryòd kòmantè a fèmen kounye a.  

St. Peter's Health Partners, yon pati nan sistèm Trinity Health Care, te pwopoze pou fèmen Burdett. Etablisman an, ki te akouche plis pase 800 ti bebe an 2022, se sèl etablisman travay ak akouchman nan Konte Rensselaer. 

Pwokirè Jeneral James ap egzamine kijan fèmti a pral afekte kominote a, si wi ou non gen sèvis ki sanble ki disponib, epi kijan fèmti sa a aliman ak misyon St. Peter pou sèvi pòv ak vilnerab yo.

Li temwayaj ekri yo soumèt pou odyans piblik la