Rapòte Krim Rayisman

Biwo Pwokirè Jeneral Eta New York (OAG) te lanse yon liy dirèk pou Nouyòkè yo rapòte krim rayisman ak ensidan ki baze sou patipri. Liy dirèk la, ki pral kontinye endefiniman, vini apre rapò k ap monte sou arasman ak atak, ansanm ak diskou kont Ameriken Azyatik nan mitan pandemi COVID-19 la. OAG ankouraje nenpòt moun ki sibi krim rayisman ak ensidans patipri pou rapòte yo nan imèl Biwo Dwa Sivil OAG a nan civil.rights@ag.ny.gov oswa lè w rele 1-800-771-7755.