Sekirite travay

Dwa moun k ap travay yo

Mwen gen enkyetid sou sante ak sekirite nan espas travay mwen an. Ki moun mwen ka kontakte?

Si w gen enkyetid sou kondisyon sekirite oswa sante nan espas travay ou, kontakte:

  • Si w ap travay pou yon konpayi prive oswa pou gouvènman federal la, rele Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay nan 1-800-321-OSHA.
  • Si w ap travay pou yon anplwayè piblik ki pa federal nan New York, vizite sitwèb Biwo Sekirite ak Sante Anplwaye Piblik (PESH) oswa rele 518-457-5508 pou plis enfòmasyon.