Pwokirè Jeneral James mande pou restoran manje vit pwoteje travayè yo 

Pwokirè Jeneral James mande pou restoran manje vit pwoteje travayè yo 

NEW YORK - Pwokirè Jeneral Letitia James te pibliye deklarasyon sa a pou mande restoran manje vit bay anplwaye yo ekipman pwoteksyon pèsonèl (PPE) an akò ak lwa New York:

“Li enpòtan pou sekirite piblik la epi li obligatwa dapre lalwa pou restoran manje vit bay travayè yo bon jan PPE. Travayè sa yo ap riske lavi yo pou sèvi Nouyòkè yo pandan kriz sa a, epi yo dwe gen bon jan resous pou pwoteje tèt yo ak moun ki bò kote yo. Biwo mwen an p ap ezite pran aksyon si nou detèmine ke konpayi sa yo an vyolasyon lòd egzekitif ki te aplike pou pwoteje kominote nou yo ak sispann pwopagasyon COVID-19 la.” 

Si w kwè patwon w ap vyole lwa travay oswa dwa w pandan kriz sante piblik sa a, tanpri rapòte l bay Biwo Pwokirè Jeneral la nan yon imèl pou travay.bureau@ag.ny.gov oswa rele 1-800-771-7755.