Pwokirè Jeneral James mande pou yon amandman konstitisyonèl eta a pou avòtman

NEW YORK – Pwokirè Jeneral New York Letitia James fè deklarasyon sa a jodi a pou sipòte amannman Konstitisyon Eta New York la pou asire dwa pou avòtman dapre lalwa:

“Jan nou te wè semèn sa a, dwa pou avòtman ki an sekirite ak aksesib yo ka retire nan yon bat je. Kèlkeswa sa k ap pase sou nivo nasyonal, New York dwe toujou yon kote ki an sekirite pou nenpòt moun k ap chèche yon avòtman. Mwen fèm sipòte yon amannman nan konstitisyon eta a pou pwoteje aksè a dwa fondamantal sa a nan New York.”