Deklarasyon Pwokirè Jeneral James sou Ankèt Sivil sou Donald Trump

NEW YORK – Pwokirè Jeneral New York, Letitia James, te pibliye deklarasyon sa a an repons a rapò medya yo ki fè konnen Donald J. Trump, Donald Trump, Jr., ak Ivanka Trump ta fè apèl kont yon desizyon ke yo tout dwe parèt pou temwayaj sou sèman an konfòmite ak sitasyon ki soti nan Biwo Pwokirè Jeneral la (OAG) kòm yon pati nan ankèt sivil kontinyèl li sou Donald J. Trump ak zafè finansye Òganizasyon Trump la:

“Donald J. Trump, Donald Trump, Jr., ak Ivanka Trump te bay lòd pa tribinal la konfòme yo ak ankèt legal nou an sou Mesye Trump ak Òganizasyon Trump nan zafè finansye. Byenke yo gen dwa pou chèche yon reta, yo pa ka anpeche nou suiv reyalite yo ak lalwa kèlkeswa kote yo ka mennen. Pa fè erè: Biwo mwen an ap kontinye pouswiv ka sa a san pè oswa favè paske pèsonn pa depase lalwa.”

Semèn pase a, Onorab Arthur Engoron nan Tribinal Siprèm Eta New York County te deside ke Donald J. Trump ak pitit li yo dwe tout parèt pou temwayaj sou sèman, epi Donald J. Trump dwe pwodui lòt dokiman ann amoni ak sitasyon OAG . Jij la te bay lòd pou Donald J. Trump, Donald Trump, Jr., ak Ivanka Trump parèt pou temwayaj nan lespas 21 jou, e li te bay lòd pou Donald J. Trump pwodui lòt dokiman nan lespas 14 jou.