Dwa LGBTQIA+

Dwa Sitwayen

Plizyè lwa federal, leta ak lokal entèdi diskriminasyon sou baz oryantasyon seksyèl ak idantite sèks nan travay, lojman, swen sante, ak edikasyon, pami lòt domèn. Biwo Pwokirè Jeneral Eta Nouyòk la genyen tou yon Inite pou Krim Rayisman devwe ki mennen ankèt sou zak vyolans oswa entimidasyon ki baze sou patipri lè yon moun blese yon lòt moun oswa vyole dwa sivil yo akoz oryantasyon seksyèl oswa idantite sèks yo.

Biwo Dwa Sivil

Biwo Dwa Sivil Biwo Pwokirè Jeneral Eta Nouyòk la ap travay pou pwomouvwa jistis egal dapre lalwa epi chèche fè respekte dwa sivil tout Nouyòkè yo.

Inite Krim Rayisman

Hate Crimes Unit travay ak Biwo Dwa Sivil pou mennen ankèt sou zak vyolans oswa entimidasyon ki baze sou patipri. Inite a kapab pote aksyon sivil lè yon moun te blese yon lòt moun oswa vyole dwa sivil li akòz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, relijyon, laj, eta sivil, oryantasyon seksyèl, idantite sèks, sitiyasyon militè, sous revni, oswa andikap.